dimanche 23 octobre 2022

Otorite nan Wanament AK nan Dajabón reyalize Yon gwo Rankont vandredi 21 oktòb 2022 a sou kriz ki genyen sou Fwontyè a depi jedi 20 oktòb pase a.


Otorite sou 2 bò Fwontyè a te reyalize Yon gwo Rankont nan apremidi 21 Oktòb 2022 a sou Pon ki relye Mache transfwontalye Wanament la AK mache Dajabón lan nan lide pou yo te kapab diskite sou kriz ki genyen sou Fwontyè a depi jedi 20 oktòb kote divès sitwayen Ayisyen te deside fèmen Fwontyè a jiskaske yo te rive Anpeche mache Dajabón nan fonksyone ayè vandredi a. 

Majistra titilè komin Wanament la, Luma Démétrius ki te pran lapawòl nan sikonstans lan raple se Pon an AK rivyè a ki separe 2 pèp yo, antan ke Moun sivilize, se nòmal pou n diskite poun jwenn solisyon a pwoblèm ki ekziste nan mitan nou. Li te tou pwofite bay lapawòl a omològ li Santiago Ribelon ki, sou bò pa li wè li enpòtan pou jan de Rankont sa yo fèt pou yo eseye jwenn Yon solisyon a kriz la pandan l pwofite fè konnen Dominiken an se Yon pèp ki byen òganize. Li presize si genyen yon pwodwi ki entèdi, nou pa dwe pote l. Sou kesyon gaz, kamyon yo genyen 2 tank, nou kapab bay aksè pou yo plen yonn sèlman selon sa li diskite avèk kolonèl la. Tou swit aprè, grevis yo ta pral gen lapawòl.

Dabò, fòk nou di grevis yo genyen plizyè revandikasyon e yo poze divès kondisyon avan yo dakò pou tout aktivite ta va reprann sou Fwontyè a… Respè dwa konpatriyòt Ayisyen yo, otorizasyon pou chofè Ayisyen kap transpòte siman vè Ayiti yo rive foul machin yo gaz plis yon tank kòm rezèv, byen trete chofè ayisyen yo menm jan yo kontan resevwa plis pase 6 mil dola ameriken pou chak trelè siman oubyen fè paske se ekonomi yo pèp ayisyen an ap gwosi (demand sendika chofè Wanament). 

Prezidan endika chofè yo nan depatman nòdès la, Estimé saint-Juste fè konnen se yon mache inilateral ki genyen olye de mache binasyonal paske otorite dominikèn yo entèdi ayisyen yo rantre ak pwodwi lokal yo nan mache a. Li kontinye pou l di antan ke 2 pèp kap viv sou zile a, nou pataje pwoblèm yo. Donk, fòk privilèj yo pataje paske n pote anpil lajan nan kès leta ak antreprenè dominiken yo.

“Si ayisyen ap pote tout kòb sa yo bay antreprenè dominiken yo, fòk yo kapab jwenn aksè achte kèk gallon gaz pou yo kapab fonksyone nan moman malgre yo konnen se pou pèp dominiken an leta nan peyi panyòl sibvansyone gazòy la. Nou reponn a tout ekzijans yo fè nou pou n rantre travay laba a. Nou peye asirans dominiken, nou fè kat de wout, antanke biznismann nou dwe jwenn kèk avantaj paske nou kondane pou nou viv ansanm”.

Tout komèsan Ayisyen yo dwe kapab rantre san difikilte nan espas mache a avèk Machandiz yo san peye taks ladwann menm si otorite dominikèn yo gen dwa pou verifye si yo pa pote pwodwi ki entèdi yo tankou dwòg pa egzanp. Se machann ki kite espas mache a pou al vann anndan  vil Dajabón ki ta dwe peye taks daprè Vis-Konsil Ayisyen an nan Dajabón Herns Laveaux ki tap pote doleyans komèsan yo.

Pierre Clément alyas Verne ki se prezidan asosyasyon komèsan Ayisyen yo nan Dajabón denonse ak tout fòs li move tretman li di komèsan ayisyen yo ap sibi anba men dominiken, otorite kou sivil. 

“Yo oblije nou peye nan plizyè pòs avan nou rantre ak machandiz nou nan mache say o di ki binasyonal. Menm lè yo fè reyinyon kote n denonse tout move aksyon yo, anyen pa janm chanje. Pafwa yo konn menm di yo pa rekonèt nou kòm komèsan. Nou te oblije fè yon badj pou rewoud pwoblèm nan, yo di l pa bon paske se nou menm ki fè l. Nou mande pou yo bay nou yon kat pou jere sa. Depi w genyen lajan sou ou, nenpòt dominiken fouye w li pran l epi w pa ka pale. Lè nou pale de sa nan rankont, yo mande nou pou n filme agrees yo, poutan si ta eseye fè sa, se yo menm ankò kap touye nou. Donk, nou pwofite de grèv sa a pou n di si yo pa vle fonksyon avèk nou, ke yo fèmen fwontyè a nèt toutotan pwoblèm say o pa rezoud”.

Sou bò pa li, direktè depatmantal nòdès ministè komès ak endistri a Lesly Théogène mande pou ta genyen Yon lòt Rankont pou yo kapab diskite sou kalite pwodwi kap rantre sou tèritwa Ayisyen an.

Mèt Evens Fils ki te prezan nan non Bawo lòd avoka yo nan Fòlibète, pwopoze pou tout desizyon mete sou peye selon lwa ki bay posibilite pou sa, sinon ap toujou genyen menm kastèt la chak fwa menm pwoblèm sa yo poze. Sou dosye machin kap foul tank yo gaz pou al fè bizinis chak fwa yap soti Repiblik Dominikèn, sa ki deranje otorite yo laba a, mèt Evens di li pap fasil pou otorite ayisyèn yo kontwole ak zye yo kesyon sa a. 

“Li enpòtan pou genyen dokiman legal pou rezoud pwoblèm yo. Lè yon ayisyen komèt yon enfraksyon laba a, fòk yo remèt otorite yisyèn yo yon rapò ekri sou dosye a, se pa deklarasyon vèbal ki pou fèt. Si nap jwenn yon solisyon komèsyal, fòk li ekri. Mwen swete nou jwenn yon antant, sinon, dosye sa a pral devan Kou Entèamerikèn Dwa Moun. Ayisyen yo   dwe respekte lwa peyi panyòl yo. Donk, rapò a enpòtan chak fwa yon ayisyen fè yon bagay ki mal. Se pa nan bouch, fòk nou kapab wè sak pase a. Sinon, dominiken yo ap kontinye fè nou plis enjistis”.

Kolonèl CESFRONT ki tap patisipe nan rankont la, Adames, mande kolaborasyon otorite ayisyèn yo ak sendika chofè taksi moto 3 wou yo. Aosyasyon sa a ki genyen 100 manm ladann toujou bay anpil pwoblèm nan jou mache yo. Yo toujou rantre an kantite, sa lakoz gwo blokis. Se pou rezon sa a, solda dominiken yo konn sezi kèk moto pou eseye jere sitiyasyon an. Otorite ayisyèn yo kapab ede nan jesyon dosye sa a si yo deside fè moto yo rantre an ti gwoup nan sousi pou evite aksidan ak blokis sou pon an.

Finalman, Visdelege awondisman Wanament la, Harold Joseph te felisite otorite dominikèn yo paske yo vin tande revandikasyon grevis yo. Kòm otorite lokal ayisyèn, li espere omològ dominiken yo pral pran tout dispozisyon nesesè pou anpeche jan de pwoblèm sa yo rive ankò pou yo kapab kontinye viv ansanm.

Nap siyale, genyen plizyè rankont kap gen pou fèt ant otorite  lokal 2 peyi yo nan lide pou yo kapab kontinye bouske solisyon a divès pwoblèm kap sakaje labil moun kap frekante fwontyè a, espesylman komèsan ayisyen yo.

Nap raple, genyen plizyè enstans nan leta lakay nou an ki te patisipe nan Rankont binasyonal sa a. Nou te remake prezans reprezantan Visdelegasyon, PNH, Ladwann, Imigrasyon, Meri Wanament, MCI, elatriye.


Otè: Philomé Mathieu

Jiris, Jounalis, Pwomotè Dwa Moun

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire